Bibliyotèk : aktivite sou zannimo domestik

Nan lide pou rete konekte ak piblik la, aprè aktivite li te fè nan mwa jen sou liv ti komik yo (Comic books), Bibliyotèk Monique Calixte pral oganise aktivite sou zannimo domestik sòti 29 jiyè pou rive 31 jiyè 2010. Tèm nan se : « Les animaux domestiques de chez nous ». Aktivite sa gen pou objektif prezante kèk zannimo domestik peyi a tankou : chat,  kana, lapin, chen ak lòt ankò epi pèmèt timoun ak jen yo konnen yo pi byen, konn ki jan yo viv, relasyon yo ak moun, dekouvri kèk nan ras ki genyen yo.

Pwogram twa jounen sa ap prezante konsa. Jedi 29 jiyè a, a 4 è laprèmidi, Billy Mondesir ap gen pou fè yon lekti senik ak liv Dany Lafferière ki rele « Le cri des oiseaux fous ». Nan demen 30 jiyè depi 10 è nan maten nap komanse ekspozisyon sou zannimo kote nap ka jwenn anpil enfomasyon ak imaj. Nan menm jounen vandredi a, jenn ki nan klèb lekti bibliyotèk Monique Calixte ap gen pou fè lekti fab ki makonnen ak tem nan. Manman koze a se ap samdi 31 apati 10 zè nan maten. Pwogram jounen an ap gen vizit ekspozisyon planch yo, ekspozisyon plizyè zannimo domestik ki tou vivan (kap fèt sou lakou Fokal), kozman ak dokè zannimo sou koman nou dwe viv ak zannimo domestik yo ak okipe yo. Nan menm jounen samdi a ap gen pwojeksyon fim tou, animasyon kont ak aktivite brikolaj a timoun yo. Nap raple ke BMC ap kontinye travay sou lòt tèm pou satisfè piblik la e rete pi pre l.

                                 

Pierresaint Jean widler

Bibliyotèk Monique Calixte

Adresse et contact

FOKAL - OPEN SOCIETY FOUNDATION HAITI
143, Avenue Christophe BP 2720 HT 6112
Port-au-Prince,Haïti | Tel : (509) 2813-1694

logos 3

 

 

 

 

Mots-clés

S'abonner à nouvèl FOKAL

Copyright © 2017 FOKAL. | Design by: jehilaire@logipam.com